Dra

Beethova Obas

Compositor: Não Disponível

Dra
Pou’m ka kouvri’w m’ ap tounen dra
Si’w vle’m vlope’w pran’m pou yon dra
Pou di se lanmou’k fè mwen sa?

M’anvi’w swe pou’m seche’w
M’anvi’w frèt pou’m chofe’w
M’anvi fè chyen nan pye’w

Mesye sa’k ta di sa?
Lè’w jwenn yon fanm konsa
W’anvi pran nan mera
Lanmou’m pran nan dra!!!

Dra
Rele’m sizo si jamè’oun dra
Ta vinn pran plas mwen sou po sa’a
Swete sa pa janm rive la

Syèl la krache dife
Lanmè frape move
Tonnè kraze brize

Mesye sa’k ta di sa?
Lè’w jwenn yon fanm konsa
W’anvi pran nan mera
Lanmou’m pran nan dra

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital