Éleman

Beethova Obas

Compositor: Não Disponível

Eleman
Moun ko bò’w ye eleman?
Ou di w’se reprezantan
Lekòl leta pa gen ban

Andeyò
Mwen s’oun peyi andeyò
Tout sa k’ap pase lòt bò
Rive sou mwen andeyò

Mouche blan
Sa w’ap chèche mouche blan?
Se pa pou zyeu bleu manman’m
Ou bati gwo batiman’an

Yuesse
Sa’w fè’n konsa Yuesse?
Pa manzè demonkrasy
Pran pèp la pou pay mayi?

Le Yawe
Tande vwa yo k’ap monte
Tankou mouton san bèje
Ke vorass ap devore

Eleman
Moun ki bò’w ye eleman?
Pa pran pòz yon san manman
Yon san wont’ san santiman

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital